ON TRANCHE KI PASE NAN MOVEZ KONDISYON!

Si m te konnen jan sa t ap pral pase, kò m t ap di non. Egzistans mwen t ap di non, kouraj mwen t ap di non, souf mwen t ap kouri kite m. M semante sou vi ke m pa posede a, ke m t ap rebele kòd ki nan sentim nan, twò lach pou mare branch trip mwen. Wouy, ou panse m ap ka kontinye? Ou panse tan an ap ka pase bale sou pousyè sa ki kache anba pòm ki anpeche m respire a? M ap toufe... mmmmmmmmmmm.
Se konsa Choune, yon bèl marabou 32 lane, t ap pale, pye ate fas solèy la, devan yon ti kay an pay ki te nan kanton an, kote menm van an te kenbe souf li. Ti chèz pay la sèlman ki te ka pote chay li yo, paske li pa ti bourik, li pa chwal, men se pote l ap pote san kanpe. Men jou sa a, se pwoblèm yo ki te pote Choune, pou jan bagay yo te dejenere isi ba.
Pèsonn nan lantouraj pa t ko ka konprann sa k t ap pase, men yo t ap fè komeraj, ti pil gwo pil, jiskaske yon fanm nan Sid desann ak tout djobolobosou li vin pote yon nouvèl. Men yon nouvèl anreta, paske deja gen yon tranche ki pase nan move kondisyon!

Tous droits réservés
1 chapitre de moins d'une minute
Commencer la lecture